18 avr. 2010

Toi et moi

par Mlika...

Nous cherchons un sourire
Toi et moi
Insectivore
Pour survivre
Dans le concert des nations

Toi et moi avons déjà été
Des animaux
Des chiens de pompiers français
Pour espérer la vie
Depuis les ruines de ce pays poème

J’aime tellement quand c’est toi et moi
Face au monde

Demain c’est peut-être
Un autre jour
Nous n’aurons pas le temps de bâtir
Un poème vrai

Parce que toi et moi
Aimons ce pays
Comme nous aimons sur la chaussée
Les croutes de chevaux

Tu es trop vrai
Pas de places pour toi dans le poème

7 janv. 2010

N ap kanzò nan filozofi

Par Bonel Auguste

Kilès pwofesè ki te bay defi tradwi an kreyòl yon fraz Shakespear ki sòti nan bouch Hamelet : Etre ou ne pas être pou pwouve kreyòl pa lang oubyen li pa gen kapasite abstraksyon ? kilès lòt entèlektyèl save ki te mande kòm prèv lang kreyòl ka fè filozofi, tradwi ba li yonn nan gwo liv Kant ekri ki rele : «Critique de la raison pure » ? Jodi a ankò, menm si kreyòl la gen plis plas nan echanj sosyal yo, gen kèk moun ki kontiniye gen dout sou kapasite l pou eskprime lapanse inivèsèl. Poutan depi ou dakò yon zouti kominikasyon se yon lang, ou tou dakò li ka di ni konkrè ni abstrè, li ka di tanporèl, tankou lentanporèl.
Se pou montre non sèlman kreyòl la ka fè filozofi nan sans klasik tèm nan, men li ka tou tradwi sistèm filozofik oksidantal yo, Jean Jacques Clark Parent chantè- konpozitè, ansyen senatè, ekri yon liv ki gen yon bèl tit ki di : « N ap kanzo nan filozofi ». Otè a koumanse l tankou yon liv pou elèv filo, li poze kesyon sou objè etid la menm. Kisa filozofi a ye ?
Li reponn se lasajès pandan l ap bay objektif li ki se pèmèt nou antre nan patri filozof yo : Socrate, Descartes, Husserl… pou dyaloge avè yo. Se yon dyalòg ki koumanse ak Socrate pou al fini ak Bergson. Nan premye chapit la li tabli rapò filozofi ak lavi, filozofi ak teknik kote li montre menm si jodi a se teknik k ap domine, men filozofi a pa ka mouri paske li gen wòl tou pou reflechi sou lamatyè. Si teknik lan fè lavi parèt pi fasil, pèmèt lòm gen plis pouvwa sou lanati, se filozofi a ki pou fè nou jwenn etik ki dwe akonpaye teknik lan epi jwenn sans lavi a.
Nan dezyèm chapit la, li plis chita sou psikanaliz kote li abòde konsèp konsyans ak enkonsyan. Li evoke jan Descartes konprann konsyans lan, li lye ak panse « Je pense donc je suis » M ap panse donk m ekziste. Pou li se te sèl prèv ekzkistans konsyans, paske li te fè dout yonn nan baz sistèm li a. Men Gassendi ki te yon filozof sansyalis, espesyalis nan matematik ak astronomi pa t dakò ak Descartes. Li menm li kwè se ekpresyon sans yo ki prèv konsyans la. Poutan Husserl kwè se entansyonalite ki defini konsyans lan. Pi lwen li montre kòman divès konsepsyon sou konsyans lan pra l itil pou devlopman psikaliz ak Freud ki te elabore nouvo metòd pou travay enkonsyan an, fè l monte yon tikras nan nivo konsyans.
Apre Parent fin pale de pasyon, santiman, li tante analize « konesans sou lòt » Sa mennen l abòde kominakasyon modèn. Chapit senk lan ki se dènye a, chita sou de konsèp ki te toujou enterese filozof yo « tan ak espas » Li kòmanse ak Héraclite pou fini ak Bergson.
« N ap kanzo nan filozofi » se yon tantativ ki enteresan, men li gen plizyè feblès. Li pa antre ase nan pwofondè konsèp yo, li pa devlope sistèm filozofik yo ase. Li rakonte twòp ti istwa sou filozòf yo pou eksplike konsepsyon yo, sa ki fè liv la sanble ak liv pou ekolye. Anpi otè a fè kèk tradiksyon ki bay pwoblèm. Nan tout konsèp ak tèm li eseye enstrimantalize yo, de sèlman parèt gen sans : le moi Mwen an, le surmoi Soumwen. Men lè l chwazi dezipòt pou tradwi instinct, Govisyans pou ordinateur, Lizè pou lecteur Mwentikal pou molécule, Pitikal pou particule..., nou twouble paske anpil nan mo sa yo pase nan lang deja. Olye pou nou ta chita ap kreye mo, -nan ka sa pap deranje lang lan-, lè se yon konsep filozofik oubyen syantifik, li ta pi bon pou pran l nan franse a, paske kreyòl la anpil mo ki ladan l sòti nan franse. Oubyen pran konsèp nan lòt lang tou si l poko pase nan franse.
Nou dakò avè l lè li ekri nan prefas liv la « Fòk nou kontinye travay pou devlope lang sa, fòk gen plis mo nouvo ki antre ladan l pou tradwi lide abstrè » Men tou sa dwe fèt ak swen, ak sans responsabilite epi san folklorism.

6 janv. 2010

Les télévisions des pays du Sud doivent entamer le travail de sensibilisation des opinions

Le directeur de la coopération internationale de l’ENTV, M. Mustapha Bennabi, a estimé que les télévisions des pays en développement doivent entamer le travail de sensibilisation des opinions sur le changement climatique. "Il faut commencer ce travail de sensibilisation des opinions pas seulement par le biais de l’information, mais par d’autres programmes pour accompagner la compréhension des conséquences du changement climatique. Il s’agit entre autres de sitcoms, de travaux de fiction, de documentaires, de programmes de divertissement", a-t-il indiqué à l’APS, en marge de la conférence internationale sur "les radiotélévisions et le changement climatique", organisée au siège de l’Unesco. M. Bennabi a estimé que ce problème planétaire n’est pas le sujet majeur pris en charge par les télévisions, notamment celles des pays du Sud et de l’Afrique particulièrement. "Pourtant c’est dans ce continent que le danger est plus grave et que l’alerte est donnée sur les changements qui s’opèrent et illustrés par les inondations et la sécheresse entre autres", a-t-il indiqué, soulignant "la nécessité d’agir dans le sens de l’information et de la sensibilisation".

Ce responsable a proposé l’organisation, lors des assemblées générales des différentes unions des radiotélédiffuseurs, des journées professionnelles consacrées à ce problème de survie pour l’humanité. "La sensibilisation doit commencer par les patrons des chaînes afin qu’ils puissent eux-mêmes donner les orientations pour que le travail soit poursuivi au niveau des opinions publiques et des politiques", a-t-il ajouté.
M. Bennabi a indiqué que la télévision nationale consacre des émissions sur l’environnement. "Ces travaux ne vont pas au fond des choses", a-t-il noté, ajoutant que "des propositions concrètes seront faites pour que la télévision nationale s’inscrive dans cette démarche d’explication des conséquences néfastes de ce changement climatique".
Source: ELMOUDJAHID/Algerie